Jean Law Group LLC

Jean Law Group LLC Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Jean Law Group LLC, Immigration Lawyer, 4992 N. Pine Island Road, Lauderhill, FL.

Former Undocumented Boat Girl to US Immigration Lawyer
954-278-9332 Office
www.jeanlawgroup.com

Published Author 📚 https://a.co/d/hJ989e7

VoyageMIA Article: https://voyagemia.com/interview/community-highlights-meet-ruth-jean-of-jean-law-group/

09/01/2026

🚨 NOUVO I-864 LA GEN YON GWO CHANJMAN!
Kounye a, lè yon sponsor siyen nouvo I-864 la, li bay USCIS otorizasyon pou jwenn enfòmasyon nan rapò kredi li. 👀💳
⚠️ Sa pa vle di gen yon credit score minimòm pou sponsor—men se yon nouvo bagay sponsor yo dwe konnen anvan yo siyen!
📌 Nouvo fòm nan deja an vigè. Verifye edition date la anvan ou voye dosye w! ☎️ 954-278-9332

08/28/2026

🚨 Èske ICE ka sèvi ak plak machin ou pou jwenn ou?
Teknoloji siveyans ap chanje fason ICE ka idantifye epi lokalize moun. Pa panike—men pa souzestime teknoloji yo genyen nonplis.
📌 Rete enfòme. Prepare w. Konnen dwa w. ☎️ 954-278-9332

08/27/2026

🚨 APPLYING FOR U.S. CITIZENSHIP? USCIS MAY BE LOOKING CLOSER.
As of August 25, 2026, USCIS has issued new guidance allowing personal and neighborhood investigations in certain naturalization cases.
That means USCIS may take a closer look at your immigration history, how you obtained your green card, travel, taxes, criminal history, good moral character, and other information in your record.
⚠️ This does not mean USCIS will interview every applicant’s neighbors—but it does mean some applicants could face additional scrutiny.
Before filing your N-400, know what’s in your immigration history and understand whether there are any potential issues.
Citizenship is valuable. Prepare before you apply.
⚖️ ☎️ 954-278-9332

08/25/2026

🚨 OU TE ANTRE OZETAZINI AK VIZA TOURIS EPI APRE SA OU TE FE DEMAND AZIL? NOUVÈL SA KA KONSÈNE OU.
Administrasyon lan anonse ke yo kapab revoke jiska 200,000 viza B-1/B-2 pou moun ki te antre Ozetazini ak viza epi apre sa te mande azil.
⚠️ Men pa panike!
Revoke yon viza pa vle di otomatikman yo refize azil ou, ni sa pa vle di y ap depòte ou touswit.
Gen yon diferans ant viza ou, estati ou Ozetazini, ak yon aplikasyon azil ki annatant.
Sitiyasyon sa a toujou ap devlope, e gen anpil detay nou poko genyen.
👉🏾 Si ou te antre ak viza epi ou gen yon dosye azil, se moman pou w konnen egzakteman ki kote dosye pa w la kanpe.
Pa kite rimè fè w pè. Enfòme tèt ou. Konnen dwa w. Konnen dosye w.
☎️ 954-278-9332

08/13/2026

🚨 GWO CHANJMAN NAN LWA IMIGRASYON!
Si ou gen ouswa ou ap tan Advance Parole pou ou ka vwayaje, pa sipoze paske yo ba ou pèmisyon pou vwayaje sa vle di li san danje pou ou kite Etazini.
Nan nouvo desizyon Matter of Delcarmen-Lara, BIA a deside ke menm lè yon moun kite peyi a ak Advance Parole, vwayaj sa a kapab konsidere kòm yon “departure” ki ka deklanche penalite 3 zan oswa 10 zan pou unlawful presence.
⚠️ Sa PA vle di tout moun pral gen penalite sa yo. Istwa imigrasyon chak moun diferan, epi kantite unlawful presence ou te akimile enpòtan anpil.
Yon lòt detay enpòtan: BIA a di nouvo règ la ap aplike pou pi devan. Kidonk, moun ki te deja vwayaje ak Advance Parole anvan desizyon sa a ka nan yon sitiyasyon diferan.
👉🏾 Anvan ou vwayaje, pale ak yon avoka imigrasyon ki ka analize dosye ou. ☎️ 954-278-9332
Gen yon gwo diferans ant:
“Mwen gen pèmisyon pou m vwayaje”
ak
“Gen danje pou dosye imigrasyon mwen si m vwayaje.”
Rele nou ☎️ 954-278-9332.

08/11/2026

🛂 Yon paspò se yon dokiman. Li pa yon mezi valè yon moun. Ant pep nou kap viv Ozetazini, gen moun ki gen diferan stati. Men nou tout se moun. Nou tout gen valè. Nou tout merite respè ak diyite. ❤️ Jodi a ou ka gen papye. Demen lavi ka mete w nan yon sitiyasyon kote se ou menm k ap chèche yon peyi pou pwoteje w.
Selebre benediksyon ou san ou pa sèvi avè l pou diminye lòt moun. 🙏🏿
Paspò w ka montre ki peyi ki rekonèt ou kòm sitwayen.
Li pa janm ka detèmine valè w kòm moun. ✊🏾❤️🇭🇹
E si nou vrèman ap chèche “djab la,” petèt se pa nan paspò moun pou nou chèche l — se nan fason nou chwazi trete moun ki pa gen menm privilèj ak nou.
O, an pasan, aplikasyon kliyan nou an te apwouve jodi a! 🎉
☎️ 954-278-9332

08/07/2026

Wi, nou wè nouvèl yo.
Wi, nou konnen gen anpil bagay serye k ap pase.
Wi, nou enkyete pou kominote nou an.
Men nou pa pral sispann viv, pataje espwa, ak pataje rekonesans. 😊
Nou pral selebre chak viktwa, chak benediksyon, chak moman ki fè nou souri. Paske nan moman difisil yo, lajwa pa yon distraksyon—se yon zak kouraj.
Bonè se rezistans.
Espwa se rezistans.
Kontinye avanse malgre tout bagay se rezistans. ✨
Jodi a, nou chwazi rekonesans. Nou chwazi lajwa. Men nap kontinye fè travay la. 💪🏾❤️

08/07/2026

🚨 KONNEN DWA OU 🚨
Youn nan kestyon nou resevwa pi souvan kounya se: “Kisa mwen dwe fè si ICE vini lakay mwen?”
Bagay ki pi enpòtan an se pa panike.
Ou gen dwa konstitisyonèl kèlkeswa estati imigrasyon ou. Konnen diferans ki genyen ant yon manda administratif ICE ak yon manda yon jij siyen ka fè yon gwo diferans.
Konnen dwa ou. Pataje enfòmasyon sa yo ak fanmi ou. Prepare yon plan anvan yon ijans rive.

⚠️ Nòt enpòtan: Si ICE deja gen yon manda arestasyon ki VALAB pou ou oswa gen lòt sikonstans espesifik, dwa ak opsyon ou yo ka diferan. Toujou konsilte yon avoka pou jwenn konsèy ki adapte ak sitiyasyon pa ou.

08/06/2026

🚨 Nouvo Chanjman USCIS 🚨
Depi kounye a, USCIS kapab refize kèk aplikasyon imigrasyon san yo pa voye yon RFE oswa yon NOID anvan si dosye a pa montre kalifikasyon oswa si li pa gen tout prèv obligatwa yo.
Sa vle di li pi enpòtan pase tout tan pou dosye ou a konplè depi premye jou a.
Sa pa vle di USCIS pap janm mande plis prèv ankò, men li vle di risk pou yon refi ogmante si dosye a pa prepare byen.
‼️Pa pran chans avek dosye ou. Rele nou ☎️954-278-9332

Address

4992 N. Pine Island Road
Lauderhill, FL
33351

Opening Hours

Monday 9am - 5pm
Tuesday 9am - 5pm
Wednesday 9am - 5pm
Thursday 9am - 5pm
Friday 9am - 5pm

Telephone

+19542789332

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jean Law Group LLC posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Jean Law Group LLC:

Shortcuts

Share