Jacques Honorel Realtor

Jacques Honorel Realtor realtor

Honored Jacques
12/27/2018

Honored Jacques

GATEM CHERI

EX MWEN

Rood : Demwazel sa pa fouti Vanessa, jodia fok mwen resi wè vizaj fanm sa.

👉 Jan Claudia Chita li bay pòt la do, Rood fè yon ti apwoche, li pran pòz se sou yon chèz li pral chita, epil pase bò tab Bazelais Chita, li voyel jel li wè se Claudia. Li parèt kot Claudia.

Rood : Eskizem wi... Bonswa Chère Claudia !

Claudia : Oh Rood ! Komanw ye ?

Rood : Apa nou la ! Mwen wap vin pi bèl, sa fè lontan wi Felisitasyon !

Claudia : Mèsi ! Ou menm tou, mwen wè se gwo nèg wap fè sèlman.

Rood : Ki bò sa !

👉 Bazelais bese tèt li sou tab la.... Rood ki wè sa, fè Claudia yon siy sou Misye. Li pa vle pale mal de misye pou Claudia pa al fè bri nan epi d'or poul fache sou li epi gen lot moun ki chita akote tab yo a. Claudia ki wè Rood fèl siy nan sou Bazelais di konsa !

Claudia : Oh ! Mwen bliye wi.... Rood map prezante mennaj mwen ki se Bazelais ! ...

👉 Bazelais ki te bese tèt li... Oblije level kounyea poul salye Rood.

Claudia : Bazelais Cheri, map prezantew Rood ki se EX MWEN mwen.

Bazelais : Salut frè pam

👉 Bazelais lonje menl bay Rood poul salye Rood.

👉 Rood ap gad Bazelais anba je poul wè si se vrèman Bazelais ki lonje men ba li a... Epi reponn li ak yon karaktè trè dwol.

Rood : Bonswa.

Claudia : Oh ! Janw gad Bazelais ou sanble rekonèt li.

Rood : Misye sanble ak yon zanmim m'te gen bò lakay la.

👉 Tout cheve nan tèt Bazelais komanse ap swe. Epi Bazelais di.

Bazelais : Ebyen se pitit BONDYE nou ye, nou tout ka sanble....

Claudia : Bon ! Sa ka rive yo sanble vre wi, Men Bazelais se nan 75 lan li te rete ak koz papal ki al travay pòdepè se Nazon li rete kounyea... Ou menm se Delmas 5 m'te konnenw rete.

👉 Lè Claudia fin di sa tout sa Bazelais te gentan manje yo, tout tounen dlo.

Rood : Annnh ! Nazon Mesye Bazelais rete...

Bazelais : Ou pa ka ret kanpe non frè pam, gen chèz bò kote nou an, chita pou nou pale... Sa pap deranjem non.. Epavre Chérie ! Na tou bwè enpe bière la.

Claudia : Oh ! Cheri, ou pa konn si Rood pa prese ?

Bazelais : Aaah ! Menm si li te prese lap gentan fè yon chita. Pou nou bwè enpe bière...

Rood : Non dezole ! Mpap rete mpa bwè bière epi Madanm mwen ansent, li anvi manje yon bagay la, se nan lari m'te ye mpase achtel pou li.

Claudia : Woow ! Felisitasyon !

Rood : Mèsi chère !

Claudia : Pa dim ou toujou a Rodagatte ?

Rood : Ebyen se avèl mwen te komèt erè a, se avèl mwen tou rete depi menm jou a...

Claudia : Annnh ! Rodagatte ki ansent lan.

Rood : Wi.... 6 semèn depil ansent... Epitou sak pirèd la, zanmi mwen diw ki sanble ak Bazelais a, Madanm li ansent 6 semèn tou.

👉 Bazelais kòmanse ap pale nan kèl.

Bazelais : Oh Jezu ! Gad nan kisa Rood soti poul lagem, Gad'on tenten mesye, bon sak voye malandren sa la... Pa kitel metem nan cho non BONDYE papa. Nèg sa konn tout bagay, koman li fè gentan konnen Vanessa ansent.

👉 Rood kap gad Bazelais kap swe.

Claudia : Antouka se desten pou ou menm ak Rodagatte te ansanm...

Rood : Ou toujou ret menm kote a ?

Claudia : Nan 95 lan wi. Menm kote a.

Rood : Ebyen kòm mwen wè ou wap pale, mpa rete non.

👉 Bazelais li menm, li pa vle pou Rood al di Vanessa ke li ak Claudia, li oblije ap fè vit poul fè yon jan poul wè kijan li ka kouri rele Vanessa.

Bazelais : Ebyen ann tou ale Chérie...

Claudia : Dako papi.

👉 Ni Rood, ni Bazelais, ni Claudia. Tout ap kite epi d'or a pou yo soti ansanm. Pandan yo rive nan pòt la konsa, Cathie kap parèt li ouvè pòt la, epil wè Rood.

Cathie : Bonswa !

Rood : Oh ! Komanw ye ?

Cathie : Anfom wi ! E ou menm ?

Rood : Anfom chère !

👉 Claudia ki te la, kanpe ap tande konvèsasyon an, puiske se nan pòt yap soti a yo kwaze ak demawazel la.

👉 Cathie voye jel li wè Bazelais !

Cathie : Oh ! Mesye sa pa Enkoni pou mwen non. Li sanble ak yon moun m'te rankontre sa ka gen 3 ans.

Claudia : Kiyes wi Madame ? ..

Cathie : Epa ou menm non Madame se ak Mesye a mwen ye wi

Claudia : Ebyen se paske Mesye a se avèm li ye wi, ki fè mwen reponn nan 😡

Cathie : Eskizem Madame, se paske mwen li sanble ak yon mennaj zanmim ki rele Vanessa, ki fè mwen te di sa. Mil eskiz Madame...

Claudia : Gad'on koze Mesye ! Sa kap pase la menm Bazelais ! Ou rekonèt Demwazel sa ?

Bazelais : Mpa konn ti dam sa ni an pent ni an penti.

Cathie : Madame Eskizem poum ka rantre svp ! Rood mèsi ankò wi pou sèvis la ou te rann mwen an ti kkt.

Rood : Pa gen pwoblèm chère !

👉 Cathie rantre nan epi d'or epil di.

Cathie : Ou kwè se 2 moun ki ta sanble konsa... Tèt koupe ak Mennaj Vanessa wi. Kom mpa gen telefon poum rele Vanessa, demen sDv mwen pral lakay li a poum fel montrem vizaj Bazelais anko.

👉 Claudia li menm ap fè kòlè ak tout bagay sa yo lap tande yo.

Bazelais : Chérie ann ale... pa vin fè kòlè la, ok. Manmanw konnen se avew mwen ye, mpa vle anyen rivew nan lari a.

👉 Bazelais pran Claudia li vire avèl...

Rood : Sa se tòkèt la, chay la dèyè.

👉 Claudia ki tande sa, vire kase tèt tounen vin kot Rood la tou fache. 😡

Claudia : Sa sa vle di Rood ! 😡

Rood : Sa vle di, Cathie se tòkèt la, mwen se chay la.

Claudia : Rood banm diw yon bagay, mpa ta kwè se swiv ou tap swiv mwen ak Bazelais pouw vin monte plan sou li la tande, se pa fòt mwen si m'te kitew, se vagabon'w ki koz, antouka banm chans mwen tande, 😡.

Rood : Pozew tande Claudia, ou Inosan !

Claudia : Koman mwen inosan Rood, Mpa konprann, siw gen yon bagay ou vle dim vin dirèk ok. Men pou moun ou pran Bazelais, se pa li, chèchè moun ou di ki sanble avèl la 😡

Rood : Banm diw yon bagay Claudia, ou konn ki kote mwen rete kounyea

Claudia : Sa mwen bezwen konnen nan ki Kote ou rete fè 😡

Rood : Se nan 75 mwen rete tou wi.

Claudia : Lèm te ansanm avèw, ou te ret delmas 5 Rodagatte te ret delmas 40B, paske mwen te diw Bazelais te rete nan 75 lan, kounyea ou gentan ap pran pòz ou rete nan 75 tou... Rood dezole depim kite ak yon nèg mpa janm retounen avèl, si se plas wap fè poum retounen avèw, mwen vrèman dezole.

👉 Bazelais ki tande sa, li vire dol li kite Claudia ak Rood... Claudia ki wè sa kouri dèyè Bazelais. 🏃🏾🏃🏾🏃🏾

Claudia : Saw gen la Cheri ?

Bazelais : Aaah ! M'pa santim byen, map rantre lakay mwen Chérie.

Claudia : Oooh ! Poukisa ?

Bazelais : Depim lèm fèt mpa janm konn nan kont ak moun, kounyea pou jounen jodia pou EX ou mare konplo pou separe nou... Si se plas la li bezwen ankò, mwen kitel pou li.

Claudia : Pa fè sa papi, ok ! Ann ale papi, kòm se kay marenn mwen ou ta prale, ann ale.

Bazelais : Mpa santim byen vrèman non Chérie, bagay la gentan banm yon vant fè mal... Banm rantre nan epi d'or a ankò poum al nan fè yon ti p**i.

Claudia : Ok ! Banm rantre avèw, map chita sou yon chèz ret tann ou andann pito, ok Papi.

👉 Bazelais rantre nan epi d'or a li al nan toilette gason yo pou li al fè yon ti p**i... Rood rantre nan epi d'or al eseye bay Verite a. Pandan lap vini an, Claudia dil

Claudia : Ou konn sak pase Rood retirew bò kotem nan tande, Bazelais tou deja fache, s'il retounen la li wèw kanpe bò kotem nan, lap vin 4 fwa pi fache, ok

Rood : Annnh ! Ou pa vle tandem Claudia, ebyen ok.

Claudia : Kisaw pral dim Rood poum tandew la.

👉 Bazelais ki rantre nan toilette, rale telefon li epil rele Vanessa.

👉 Telefon Vanessa ap sone.

Vanessa : Allo Cheri

Bazelais : Vanessa mpa nan tenten tande 😡

Vanessa : Oh ! Saw genyen cheri ?

Bazelais : Mpa ta rete kwè aprè 5 ans mwen gen avèw la pouw ta vin tronpem ak Rood. 😡

Vanessa : Saw wap di konsa cheri ?

Bazelais : Koman Rood fè konnenw ansent Vanessa, ou nan pale ak Rood ankò... Pitit ki nan Vant ou an pou mwen li ye oubyen pou Rood ? 😡

Vanessa : Gad'on koze mezanmi ! Koman pitit la se pou Rood la ou konnen mpap janm fèw yon bagay konsa.

Bazelais : Oh ! M'oblije mandew sa, depim maten mwen kouche lakay, kounyea li m'resi pran lari poum al wè patnè mwen te diw ki gen lanmò a, poum al pote rès 500gd la pou li, Rood kwaze avèm epi li di li gen 2 fanm ki ansent menm lè. Yo tou 2 gen 6 semèn ansent. 😡

Vanessa : Oh ! Rood ki diw yon bagay konsa

Bazelais : Wi ! Si mta konnen ou nan pale ak Rood anko, map kitew pou li tande... Ou tande sa m'diw la ? 😡

Vanessa : Mpa nan pale ak Rood ankò non Cheri.

Bazelais : Eskew tande sa m'diw la ? 😡

Vanessa : Wi Cheri, pa fè kòlè.

Bazelais : Kom telefon mwen pa gen chaj lèm retounen na pale. 😡

👉 Bazelais fin pale ak Vanessa li rakwoche epil tou fèmen telefon li.. Li retounen kot Claudia.

Claudia : Poukisa tout tan sa nan twalèt la papi ?

Bazelais : Aaah vant mwen tap fèm mal mtap eseye twalet mpa kapab... M'bay sa vag ! S'on moun konsa mwen ye mpa ka tande bri... Ann al non Chérie, mpap rete non.

Claudia : Nou pap rete ok ! Nap jis pase kay marenn mwen an epi nou retounen.

Bazelais : Ebyen ok Manmi.

👉 Bazelais ak Claudia pran yon moto pou yo kouri rive pi vit kay Josianne ki se Marenn Claudia.

👉 Rood li menm te gentan pran yon kamyonet pou li al lakay li.... Epi komanse ap pale nan kèl...

Rood : Bazelais panse li entèlijan... Annnh ! Se Claudia li tap kachem nan, ebyen kap ou fin pran van tande Bazelais... Claudia pa merite sa, se vre lè li renmen yon moun, li montrel ke li renmenl tout bon, se vre mwen te fè yon erè ! men mpap kite Bazelais vin itilizel mal... Pa enkyetew Bazelais, pozew ! Mpral fèw sispann tenten wap fè yo.

👉 Markes li menm rantre lakay li, li pa wè Claudia.

Markes : Chérie, kot Claudia ?

Vicilia : Li al kay Marenn li... Marenn li te dim li bezwenl.

Markes : Annnh ! Ok... Tande non chérie... Mwen fè pati moun ki bon pou fèmen nan akademi pou promosyon kap gen poul soti a wi. Ok.

Vicilia : Hmmm ! Ebyen ok cheri, se lavi ou pral chèche mpanse BONDYE ap pwotejew anba men mechan yo...

Markes : Dakò Chérie.

👉 Claudia rive kay Marenn li, Bazelais fè konesans avèl, Marenn Claudia bal yon ti kòb aprè yon ti tan Claudia pral deplase.

Josianne : Tande non fiyèl mwen, m'te soti ak Mari mwen nou tal nan yon pwogram kote anpil mannequin tap défilé, mte pale ak responsab la poul te banm yon ti kat, poum te ka ba ou, paske mwen konnen ou gen fòm pou sa, epi gen anpil avantaj ke wap gen posiblite pouw jwenn...

Claudia : Ebyen ok Marenn, mèsi anpil wi... Mpa rete non. Map relew poum pale avèw.

Josianne : Ebyen ok...

👉 Claudia ak Bazelais soti pou yal pran machin pou yo retounen.

Bazelais : Gen de nèg yon fanm te genyen, franchman pito fanm sa pat janm te gen nèg sa. Misye pranm pou Vagabon wi. Bagay sa fèm mal anpil.

Claudia : Cheri pa fè kòlè ok ! Kite dosye sa nan menm....

👉 Rood rive lakay li, li bay Madanm li sa li tal al achte a... Epil di.

Rood : Devine ak Kiyes mwen sot rankontre la nan epi d'or a Chérie ?

Rodagatte : Euuuuh ! Ak Claudia !

Rood : Oh ! Kijanw fè Konnen ? Bazelais te pase la ?

Rodagatte : Men non ! Mwen jis di sa konsa papi. E poukisa ou di si Bazelais te pase la ?

Rood : Paske se ak Bazelais mwen te wè li chita nan epi d'or a ap manje, mpanse Bazelais ka gentan pase la poul vin baw pawol sou mwen la.

Rodagatte : Non ! Papi, mpa janm pran pawol nan men okenn moun sou nèg mwen, ok papi. Mprefere se mwen ki pou wè ak 2 zyem ok. Epitou nan pwen nou rive la mpa kwè mpral kite okenn jalouzi kraze relasyon nou.

Rood : Mwen byen kontan chérie ou panse konsa, paske Bazelais se vagabon li ye, mwen konnen li te ka gentan pase baw pawol sou mwen.

Rodagatte : Saw gen ak Bazelais menm, ou kwè se bon zanmiw cheri

Rood : Dat mpa nan pale ak misye chérie, aprè 5 ans li gen ak Vanessa, li soti poul kite Vanessa pou Claudia wi.

Rodagatte : Saw dim la ?

Rood : Sak pired la, ti malerez la tou ansent wi...

Rodagatte : Vanessa ki ansent lan oubyen Claudia ?

Rood : Vanessa ki ansent lan Chérie.

Rodagatte : Oh oh ! Vanessa poko konn bagay sa...

Rood : Kòm m'konn Vanessa s'on egare li ye, s'on bègwè, yon avèg... M'konnen li pap kwè non, si mta dil sa... Relel pito chérie, pouw dil sa.

Rodagatte : Mpa gen kat non papi...

Rood : Ebyen relel sou pam nan pito.

👉 Rodagatte pran telefon Rood la poul rele Vanessa...

👉 Telefon Vanessa ap sone...

👉 Vanessa ki wè se Rood kap relel li pa pran apèl.

Rodagatte : Li reponn non cheri.

Rood : Se paske se nimewom nan ki fèl pa pranl...

Rodagatte : Poukisa, ou nan kont avèl ?

Rood : Mpa nan konn avèl chérie, akoz Bazelais sispèk mwen ka di Vanessa li gen yon lòt mennaj, li fè yon jan li fè Vanessa pa pale avèm.

Rodagatte : Ebyen se sak fè li pa pranl apèl la wi, paske li wè se nimewow. Pou Bazelais ap fè ti fi a sa, 5 ans renmen poul ansent pou ou, pouw gentan nan lot fanm. Ou gen pouw wè li bay Vanessa vag ak tout pitit la nan vant li.

Rood : Kèm ap fèm mal pou Vanessa li pral soufri, paske li pa vle okenn moun pale mal de Bazelais.

Rodagatte : Se pa fòt li papi, li damou nèg li... Li pa wè li pa tande, se Bazelais li vle. Se sa yo rele l'amour est aveugle la wi.

Rodagatte : Non ! Chérie .... Nan eta mwen wè lanmou Vanessa gen lè se kreve yo kreve 2 je lanmou sa.

Rodagatte : Antouka se nou ki pou fè Vanessa konnen sa Bazelais ap regle a wi.

Rood : Tann mwen la, mpral met yon ti kat sou telefon ou an pouw relel, petèt la dekwoche...

Rodagatte : Ale non papi !

Rood : Ok 🏃🏾🏃🏾🏃🏾🏃🏾🏃🏾🏃🏾🏃🏾

👉 Rood kouri al met kat la pou Rodagatte rele Vanessa.... Aprè yon ti tan Rood retounen... Rodagatte pran Telefon li an li rele Vanessa.

👉 Telefon Vanessa ap sone.... Vanessa voye jel li wè se yon lot nimewo li dekwoche.

Vanessa : Allo !

Rodagatte : Komanw ye la Vanessa ?

Vanessa : Anfom wi, se kiyes svp ?

Rodagatte : Siw pa okipe parèt lakay la kotem svp. Se Rodagatte madan Rood.

Vanessa : Annnnh ! Ebyen ok.

Rodagatte : Dako map tann ou.

👉 Rodagatte rakwoche..... Vanessa li menm tonbe ap pale pou kont li.

Vanessa : Bon sa pou Rodagatte fèm ? Tchuuuuiiips !

👉 Manman Vanessa ki te anndan ki tande Vanessa di pawol li a di konsa.

Manman Vanessa : Banm diw yon bagay, si moun nan relew depi li pa gen poul ba ou, li gen poul diw. E map swiv dam sa nan katye a lontan, li pa janm nan fouk... Alò al kot dam nan tande ti fi.

👉 Vanessa leve li al kote Rodagatte... Lèl rive li chita nan salon an pou Rodagatte pale avèl...

Rodagatte : Ou anfom Vansessa ?

Vanessa : Wi, gras a Dye ! E ou menm chère Madame !

Rodagatte : Ebyen nou la wi.... Tande non, anvan mwen diw sa Mpral diw la, mwen eskizem paske mwen konnen ou renmen ak Bazelais lontan, se pa dwam poum rantre nan vi privew, men antanke fi parèy ou mwen vle edew.

Vanessa : Dako ! Men nan kisa wi.

Rodagatte : Ou renmen Bazelais anpil. Epavre !

Vanessa : Wi ! Tankou 2 je nan tèt mwen.

Rodagatte : Wi ! Se nomal paske ou gen 5 ans renmen avèl... Men puiske ou gen tout tan sa renmen avèl siw pa kale jew, wap pèdil.

Vanessa : Koman map pèdil la ?

Rodagatte : Si m'diw ou pap kwè, men prefere se ou ki wè ak 2 jew.

Vanessa : E koman map fè menm ?

Rodagatte : Lot Fanm li genyen an mwen konn kote li rete, ok. Depiw vle map mennenw la pouw al prezante kòm mennaj li e ke'w ansent pou li... Eske ou dakò ? Men fok ou al ak foto kote wap bo avèl, oubyen kotew sou kabann avèl.

Vanessa : Bon ! Ok... Depi nap fèm kenbel tout bon, mwen prè poum al depi jodia...

Rodagatte : .....

A swiv....

Pa bliye LIKE paj la, pataje pòs nou yo epi envite zanmi nou LIKE paj la.

Mèsi !

Aprè 1000 pataj map lage la.

Address

Tamarac, FL
33319

Telephone

+17542205335

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jacques Honorel Realtor posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Jacques Honorel Realtor:

Share

Category