09/03/2024
Bagay ou dwe konnen, aprann pou ka komprann, fok ou komprann pou ka aprann, politik, geopolitik, konfli, geostrateji se la pou jwenn bon analiz san fos kote ki baze sou konesans ak eksperyans, yon kout pye nan sakap pase nan mond la ak prediksyon mw pou sak gen pou vini fokis nou maten an se sou konfli Israel ak Palestine nan ak fiti PM Netanyahu ak ki option li eske karye politik li tou fini?
1) Nan fason bagay yo ap deroule la se premye fwa Netanyahu ak Israel jwenn li nan position sa yo ye la, kote Israel an defans sou tout ang, Netayahu ki ap dirije yon gouveman kowalisyon kel komtrole selman 20 a 25% ladanl, trouve 2 pyel nan yon grenn soulye, kote lot pati politik kife alyans ak li yo trè radikal, yo gen demand ke yo fe ak netanyahu ke moman pa pemèt ni nan avantaj Israel pou delivre sou demand sa, li paka di non poul pa paret feb konsa pou pati kife demand sa yo pa retire ko yo nan kowalisyon an ki pou kraze gouvemanl la, non selman li gen plizye prosesis legal ki te pran poz akoz li tounen premye minis ak tout madanm li ka pase res vi yo nan prizon pou koripsyon si yo fosel kite pouvwa karye politik li tou fini, israel pa gen iminite pou politisyen menm konstitisyen yo pa genyen.
2) Population an leve kampe kont Netayahu plis pase 60% mande pou li demisyone, se premye fwa Israel nan yon konfli pou pep peyi sa leve kanpe kont gouveman pou mande demisyon. Netayahu pedi sipo plis pase 30% moun ki te vote pou lu, map raplew patil la okipe selman 25% nan gouveman kowalisyon sa lap dirije a siw matematik wap we misye nan gro cho, an efè Israel poko janm trouvel nan position sa depi li te kreye, pou sam ap analize bagay yo ap vinn pi di.
3) Jodia ou gen tribinal penal entenasyonal ki ajoute nan problem Natanyahu, li paka fe arogans menm jan kel abitye sel espwa li se pou etazini bloke nempot pouse ki pou devni yo mete manda pou aretel ki pral vinn yon kochma pa selman pou li ak gouveman li ya men kap chanje fason Israel opere ak aksè pou voyajé, map raplew Israel pa yon manm siyati tribinal penal entenational menm ak etazini ak la Russie men sa pa anpechel exesé otoritel pou mete manda deyè nempot lidè ke li jije vyole dwa de lom ak fe zak kont imanite, map raplew plis pase 120 peyi se siyatè ako de Rome sa.
4) Lot problem Netanyahu se ke li preske pedi sipo pep Ameriken an, si sa rive menm le gouveman ta vle li pap ka komtinye sipote israel menm janl te konn fel pase opinion piblik chanje, gouveman ap oblije adapte ak demand popilasyon fenomen sa pap selman rive ozetazini lap rive nan lot peyi nan mond la sa Israel pa vle sa ta rive la paske se ap garanti detriman peyi sa nan tout domaine, etazini selman paka kembe israel fonksyoné, siw ap gade CNN ak Fox news ou France 24 yo ap few konnen Israel ap byen pase reyalite a bouch pa dou lakay yo.
5) Yon lot problem pou Netayahu se ako de lapè ki ap pran plas nan peyi Egypt pou libere plis pase 130 otaj depi 7 oktob 2023, 75% nan gouveman kowalisyon ke lap dirije pa sipote yon ako pou echanje prizonye palestinien ak otaj yo, ki vinn mare 2 pyel nan ton grenn choset, se premye fwa israel pral nan yon antann pou lapè se pa li ki domine sijè a ak pre kondisyon kel propoze sou ki kritè pou rankont sa fet, doné yo chanje jodia se Israel ki vinn chita pou tande sa lot pati yo ofri, sa deja yon fetet pou gouveman Netanyahu ak tout Israel.
6) Si etazini ta fose bay presyon ak ICC pou pata mete manda deyè Netayahu ak lot manm gouveman li yo, se ap fen pou oganizasyon sa, paske li pap ka janm mete manda deye person lot lidè nan mond la anko lap fini menm jan ak league de nations lap la se komsil pat la, 2006 George Bush te di si yo mete manda deyel ou nempot moun nan gouvemanl la pou zak an Irak ak Afghanistan li tap bonbade Hague, sa moutrew klè ICC gen kle li gen met se pou lidè nwa ak pov tribinal sa efektiv selman, si ICC ta mete manda deye Netanyahu lot oganizasyon ki pral swiv se FIFA an nou swiv pou we ipokrizi mond la.
7) Nempot fason sa ye pou Netayahu gouveman paka fosel pou demisyone yo ka bal presyon, men si yon sel pati nan kowalisyon an retire tet li nan kowalisyon an li pap gen lot chwa pou fe yon eleksyon presese pou nome yon premye minis, Netanyahu pa fouti domi tet poze paske sil demisyone non selman karye politik li tou fini, lap pran prizon ak tout madanm li pou detouman lajan ak blanchisaj lajan, Israel ap gen yon gouveman kap pi radikal kap ramplase netanyahu ki pral izole Israel plis ki pral vinn fe region an pi fragil.
😎 Israel pa gen chwa pou negosye pou echanje 130 otaj yo ak libere prizonye Hamas pou jwenn lapè tanpore. Israel bezwen yon distraction pou sove imaj li, Netanyahu sel zel kat se fe yon atak ki pral fel paret yon gro lidè menm le desizyon sa pap popilè ak lemond men lap sove imaj li, li bezwen pran yon risk ki vo lapeine.
Prediksyon mw: Netanyahu pral pouse pou atake "Rafah" ki pa gen anyen pou we ak Gaza, li bezwen fe sa pou jwenn yon pwen negosiyasyon pou li diskite ako lapè a, nan militè lew okipe yon blok se kembel swa pou negosye, sam panse lap atake Rafah, aprel pral nan antann pou di lap repliye fos li nan Rafah an retou lap genbe teritwa kel okipe nan Gaza. Make ti tet pos sa pou referans
Dr. Rod Joseph
👇🏿👇🏿Siw poko bay sipow nan kanpay la me fasonw ka fe sa👇🏿👇🏿👇🏿
zell: [email protected]