21/05/2026
Mwen : Ey kòman w ye pitit ou pa pral nan KLEDAKK ?
Ou : KLEDAKK
Mwen : ohh ou pa tande pale de KLEDAKK
Ou : non baz la, kisa k KLEDAKK la ?
Mwen : KLEDAKK se yon klèb Lekti ak Ekriti ui pitit
Ou : kòman klèb Lekti ak Ekriti a pou pwojè a?
Mwen : non non non ! Se yon òganizasyon li ye li menm. KLEDAKK klèb Lekti ak Ekriti pou Devlopman Atistik Kiltirèl ak Kominotè.
Ou: kisa k gen nan KLEDAKK menm ?
Mwen : ooooooh pitit ou pa tande KLEDAKK ap òganize yon konkou epelasyon pou timoun ki nan klas fondamental yo.
Ou : konkou epelasyon menm.
Mwen: ui yon gwo konkou epelasyon pou timoun yo kapab reveye kapasite lekti ak Ekriti yo. K ap kòmanse vandredi 22 me a ui.
Ou: eyyyyy se pa ti zen.
Mwen : w ap mande. Se pral gwo bagay ui pitit chak vandredi nan lekòl Nasyonal la ui l ap fini jis 26 juen ui.
Ou : Nan lekòl Nasyonal la ou di m.
Mwen: ui baz la. Chak vandredi depi 2 è si w bezwen m pa chache m , se nan KLEDAKK w ap jwenn mwen.
Ou : al'on KLEDAKK ?
Mwen : se konnen w pa konnen pitit KLEDAKK se pa ti zafè non. Ap gen animasyon, prestasyon atis, show dans, eslam , pwezi, jwèt elatriye. KLEDAKK Se kote talan pral an jestakilasyon
Ou : enbyen mwen menm, m ap vini tou la nan lekòl Nasyonal la tout Bagay serye sa yo pral fèt, m pa k pa la mwen.
Mwen : se nan KLEDAKK bagay sa w t ap tann pitit
Ou : si m pa ka jwe nan konkou a ma jwe jwèt.
Mwen : ahh KLEDAKK gen tout bgay pou w kwè w konn danse, chante, ebyen se pou Devlopman Atistik Kiltirèl ui KLEDAKK la.
Ou : vandredi 22 me a depi 1 è m ap gentan la mwen.
Mwen : chak vandredi Mwen se la m ap ye
Ou : Ni mwen tou pitit , m prale nan KLEDAKK
Mwen : Nou tout gen plas nou nan KLEDAKK. KLEDAKK se vini asiste, patisipe, aprann ak genyen.
Ou : enbyen m pral nan KLEDAKK
Mwen : enbyen w pral nan KLEDAKK, enbyen nou pral nan KLEDAKK pou di
KLEDAKK se :
Mwen kapab
Ou kapab
Nou kapab
Eyy e nou menm nou p ap sipòte KLEDAKK nan bèl pwojè sa a