23/03/2019
Vizite sit entènèt AficheMetyeW la -> https://www.afichemetyew.com
AficheMetyeW pa la pou li ba ou travay, ni pou chèche travay pou ou.
AficheMetyeW la pou moun ki se travayè lib oubyen moun ki kreye pwòp biznis pa yo.
AficheMetyeW pèmèt profesyonèl sa yo vann tèt yo, pwodwi yo ak sèvis y'ap ofri piblik la. Nou afiche yo.
Kontakte nou sou Whatsapp nou: (+509) 4106-4858.
KI AVANTAJ LÈ OU AFICHE SOU AficheMetyeW ?
Men avantaj nou ofri lè nou afiche w' sou Afiche Metye W':
1) N'ap poste profil ou sou sit entènèt nou www.afichemetyew.com, sou paj Facebook nou, sou Instagram nou, sou Twitter nou.
2) Piblikasyon nou fè pou ou a ap rete a jamè sou sit entènèt ak paj Facebook nou, Instagram nou ak Twitter nou. Jiskaske ou menm ou deside retirel.
3) Ou pa gen okenn lòt frais w'ap peye ke sèlman Frais de participation an.
4) Si ou gen yon paj Facebook nap afichel tou.
5) Si ou vin chanje nimewo telefòn, oubyen ou vle ajoute nouvo photo, n'ap modifye piblikasyon an pou ou.
6) Anplis de kontak w'ap fè gras ak promotion an, n'ap ba ou kontak pa nou tou si nou gen moun nan antouraj nou ki entèrese ak metye w' la.