28/05/2025
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=415069334610343&id=100083218388099&mibextid=Nif5oz
Alo Fonksyonè!
Nan okazyon fèt agrikilti ak travay la, Alo fonksyonè salye tout agrikiltè ak kiltivatè ki pa sispann travay latè malgre difikilte, kanal ak rivyè ki pa netwaye, absans irigasyon, deregleman klimatik, ensekirite elatriye. Ayiti se yon peyi esansyèlman agrikòl, se pi gwo potansyèl e pi gwo sektè aktivite peyi a. Si peyizan pa plante manje pap desann lavil.
Alo Fonksyonè ap pwofite atire atansyon chak fonksyonè, chak sitwayen sou arete 3 Me 1938 la ki te adopte sou prezidan Stenio Vincent. Arete sa konsakre " journée de l'arbre", jounen pyebwa ki ta dwe marye ak fèt agrikilti ak travay la. Arete sa egzije tout lekòl pou yo ògànize débat sou enpòtans pyebwa lavèy "jounen pyebwa" a e montre aklè nesesite pou rebwazman. Nan jounen pyebwa a menm dwe gen gwo kandyanwou pou plante, chak sitwayen dwe plante omwen yon pyebwa.
Sèvis ekstansyon agrikòl responsab pou founi pepinyè kap pèmèt gen ase plant disponib. Otorite sivil, militè kou relijye dwe pote konkou yo bay "Sèvis Nasyonal Pwodiksyon Agrikòl ak ansèyman Riral" ( SNPA & ER) pou reyisit jounen pyebwa a.
Fonksyonè, sitwayen, sonje sa, nou rete mwens pase 1% kouvèti forestyè, kidonk peyi a toutouni. Si an 1938, li te nesesè pou gen " yon jounen pyebwa", lè n konsidere debwazman an ki akselere akoz sous enèjetik peyi a itilize ki se an majorite chabon bwa ak bwa chofaj, eske li pa endispansab pou n ta gen plizyè jounen pyebwa ? Yon semèn pyebwa, yon mwa oubyen pou n ta plante pandan tout ane a?
Alo Fonksyonè ankouraje n plante!