10/13/2026
Esklavaj envizib ki kache sou lòt fòm nan pafwa pi pisan pase esklavaj tan lontan an, sa zansèt nou yo te oblije konbat epi venk pou yo te ka libere tèt yo anba chenn yo te mare nan pye yo ak nan men yo. Jodi a, batay la sanble pi difisil toujou, paske nouvo fòm esklavaj sa a kontinye egziste avèk konplisite kèk nan pwòp frè nou yo ansanm ak kèk nan dirijan politik nou yo ki kontribye nan kenbe nou nan depandans. Sa ap pran anpil tan pou nou soti nan sitiyasyon sa a, men tan pou kont li pap sifi. Fòk nou pran konsyans de reyalite n ap viv la epi fòk nou gen yon volonte toutbon pou nou libere tèt nou. Paske yon pèp ki sispann chèche konprann kijan yo rive kenbe l anba dominasyon riske pèdi libète li, souverènte li, epi piti piti, menm kapasite li pou l kontinye egziste kom pèp.
MOÏSE ESTIVERNE