Me Jhon Tyson Camy

Me Jhon Tyson Camy Pour donner des informations et faire des débats juridiques

09/09/2025

Il y a un point à atteindre.

Je compte sur chacun de vous qui fera le nécessaire.

On a notre propre communauté.

Ma page : John Tyson Camy

Nous voulons, nous sommes capables.

KISA NOTÈ  A YE ?KI ATRIBISYON NOTÈ YO ?KI KONDISYON YO POU ARIVE VIN YON NOTÈ PIBLIK ?KI TOUT EGZIJANS KE NOTÈ YO GENYE...
28/04/2024

KISA NOTÈ A YE ?

KI ATRIBISYON NOTÈ YO ?

KI KONDISYON YO POU ARIVE VIN YON NOTÈ PIBLIK ?

KI TOUT EGZIJANS KE NOTÈ YO GENYEN NAN FONKSYON YO ?

✍️, Se ansanm kesyon sayo nou pral reponn ak eksplike w nan tèks sa 📖 📕........

Pou nou reponn ak premye kesyon an : KISA NOTÈ A YE ?

1- ✍️,Nap di w ke NOTÈ a se yon ofisye piblik kote ke li gen responsabilite pou li resevwa tout papye otantik yo ak pou sètifye dat yo,ak Konsève orijinal yo,ak delivre kopi papye sayo ak bay ekspedisyon yo pou kapab rann yo egzekitwa. Anplis nap di w tou ke NOTÈ yo egzèse tou yon wòl konsèy ak Redije kèk papye ke nou kapab di ke 2 endividi pran ansanm kote yo manifeste volonte pou yon kontra ou byen yon vant eksetera......

N.B: Yo rele sa nan langaj jiridik lan yon Ak ki fèt sou sen prive.

Pou nou reponn ou ak dezyèm kesyon an: KI ATRIBISYON NOTÈ YO?

2- ✍️, Nap di w ke NOTÈ yo gen plizyè atribisyon tankou :

* Yo gen pou atribisyon redije kèk papye ke yo rele nan langaj jiridik lan sou non sa ke yo rele '´Minit '´ki gen karaktè yon papye otantik

* ⁠Answit nan atribisyon yo, yo la pou delivre ak moun ki fè demann yo yon Kopi ekspedisyon ki pote non ''Minit ''

* ⁠Nan atribisyon yo, yo redije tou kèk papye nan langaj dwa ke yo rele ak solanèl tankou :

-Donasyon, kontra maryaj, ak konstitisyon ipotèk eksetera.......

* Nan atribisyon yo, NOTÈ yo patisipe nan likidasyon rejim matrimonyal yo ak Operasyon pataj yo nan ka siksesyon

* ⁠Anplis NOTÈ yo gen pou misyon elabore kontra vant yo sitou nan sa ki gen rapò ak Imèb yo ak garanti ke papye kontra sayo anrejistre ak asire piblisite yo

* ⁠Anfen, NOTÈ yo gen atribisyon pou patisipe nan afè konstitisyon ak fizyon sosyete yo, ak Operasyon Kredi tou eksetera.......

Pou nou reponn ak twazyèm kesyon an : KI KONDISYON YO POU ARIVE VIN YON NOTÈ PIBLIK ?

3- ✍️, Nap di ke kondisyon yo pou arive vin yon NOTÈ piblik enimere konsa :

* Fòk ou se Ayisyen

* ⁠Fòk ou gen pi piti 25 lane

* ⁠Fòk ou jwi dwa sivil ou ak politik ou

* ⁠Fòk ou se yon lisansye nan domèn Dwa a

* ⁠Fòk ou gen yon diplòm aptitid ki siyen pa yon sekretè deta nan jistis lan

* ⁠Ou gen pou sibi yon egzamen pwofesyonèl nan yon Pakè nan Jiridiksyon ke ou gen pou egzèse pwofesyon an

* ⁠Fòk ou gen yon sètifika ki sètifye kew se yon bon sitwayen onèt ki vize pa yon Jij nan tribinal pou lapè

* ⁠Fòk ou jistifye ke ou te fè 3 lane ap fè staj nan yon kabinè yon NOTÈ antanke klèk NOTÈ an sou yon sètifika delivre pa yon NOTÈ ki rekonèt legalman pa yon pakè nan Jiridiksyon an.

Pou nou reponn ak katriyèm kesyon an : KI TOUT EGZIJANS KE NOTÈ YO GENYEN NAN FONKSYON YO?

4- ✍️, Nap diw ke nan pami egzijans ke NOTÈ yo genyen tankou:

* Chak NOTÈ gen pou obligasyon rezide nan zòn ke Gouvènman an fikse a pa komisyon yo dezinye an

* ⁠Yon NOTÈ paka enstrimante nan yon Komin ke li pa komisyone pouli, si li ta fèsa kap frape pa yon sanksyon

* Li entèdi ak yon NOTÈ asosye ak yon lòt NOTÈ ak yon lòt moun tou pou kesyon jesyon ak eksplwatasyon biwo yo

* ⁠Li entèdi pa yo menm ak pa yon lòt pèsòn entèpoze swa dirèk ou endirèk
* Li entèdi ak yon NOTÈ poul livre l ak pyès espekilasyon tankou: Komès, Bank, Koutaj, Eskont

* ⁠Li entèdi ak yon NOTÈ pou li rantre nan Sosyete tankou: Antrepriz, Konpayi finans , Komès ak endistri

* ⁠Li entèdi ak yon NOTÈ pou li plase non pèsonèl li sou yon fon ke li ta dwe resevwa ak kondisyon pou jere bagay pèsonèl sètadi enterèl

* ⁠Li entèdi ak yon NOTÈ pou itilize non li nan yon dokiman menm si ta gen sikonstans pou kèlkeswa papye an pou ta fè ekriti an fo pou yon moun

* ⁠Li entèdi ak yon NOTÈ pou entèresel nan yon bagay kel pat Prete Sèman pousa ki kontè ak lalwa

* ⁠Li entèdi tou ak yon NOTÈ pou ap ekri papye pou moun sou baz lèt dechanj ou byen biyè

📖 📕 🖊 ✍️, La liberté est le droit de faire tout ce que les lois permettent.

Disait: Montesquieu

Me John Tyson Camy, Élève-Avocat

1-KISA APANTÈ A YE ?2-KI KONDISYON YO POU KAPAB VIN APANTÈ? 3-KONPETANS AK KÒPORASYON APANTÈ YO. 4- DWA AK DEVWA APANTÈ ...
23/04/2024

1-KISA APANTÈ A YE ?

2-KI KONDISYON YO POU KAPAB VIN APANTÈ?

3-KONPETANS AK KÒPORASYON APANTÈ YO.

4- DWA AK DEVWA APANTÈ YO.

Se ansanm kesyon sayo ak detay sayo nou pral eksplikew nan tèks sa a.

1-✍️, Pou nou reponn ak premyè kesyon an nap diw ke yon APANTÈ se yon ofisye piblik asèmante sètadi wòl li se mezire tè yo pou kapab jwenn limit yo kèlkeswa afektasyon ke yo ta genyen, anplis kalkile tout sifas ak kote bòn yo plase nan pwopriyete a.

Pou kontinye ak kesyon an, nap diw tou nan chak aksyon APANTAJ ke yon APANTÈ fè li gen yon obligasyon pou ke li delivre mèt pwopriyete an yon ekspedisyon sètadi yon pwosè vèbal DAPANTAJ.

Nap diw tou ke tout APANTÈ yo fè operasyon APANTAJ yo sou rekizisyon ak swivan otorizasyon ke yo jwenn bò kote KOMISÈ GOUVÈNMAN an nan Jiridiksyon kote yap egzèse pwofesyon sa ak Dekana Tribinal Premyè enstans lan kap administre pa DWAYEN an.

Nap diw tou antanke ofisye ministeryèl APANTÈ yo prete serment pa devan Tribunal Premyè enstans ki nan jiridiksyon kote yo pral egzèse pwofesyon sa avan yo rantre an fonksyon.

2- ✍️, Sou kondisyon pou kapab arive vin APANTÈ pou ke ou gen aksè ak pwofesyon sa.

Nap diw avan, te genyen yon lekòl APANTAJ kote ke ou te diplome nòmalman aprè ke ou fin fè etid lan, pou te kapab aksede ak ekzèse pwofesyon an nan tout kondisyon ke lalwa li menm te prevwa. Sepandan, akoz yo te vin fèmen lekòl lan, gen lòt mezi kite pran pou ke yon moun te kapab vini APANTÈ tankou:

* Fòk ou Ayisyen ak Majè

* ⁠Fòk ou te rive nan pi piti klas kise Segond nan yon lise ou byen nan yon kolèj

* ⁠Fòk ou gen yon sètifika ki livre pa Majistra Komin kotew soti an ou byen yon Jij Tribinal pou lapè ki vize pa lapolis ki di ou pwòp antanke Sitwayen

* ⁠Fòk ou jwi dwa sivil ou ak politik ou

* ⁠Fòk ou fè yon staj pou piti 2 lane akote yon APANTÈ sètadi komisyone ou byen travay pandan 2 lane nan yon kabinè yon APANTÈ

* ⁠Genyen yon sètifika delivre pa yon KÒPORASYON APANTÈ swa pa yon Direktè nan yon etablisman piblik ou byen prive

3- ✍️, Pou konpetans ak KÒPORASYON APANTÈ yo, nap diw ke KÒPORASYON an eli chak 2 lane nan biwo yo:

* Yon Prezidan
* ⁠Yon Sekretè
* ⁠Yon Trezorye
* ⁠Yon Konsèy ak Disiplin ki gen ladann 3 ak 5 manm

Wòl manm sayo nan Biwo an :

* Se mete disiplin antre tout APANTÈ yo ak pwononse sanksyon disiplinè kont kèlkeswa APANTÈ ki ta komèt yon fòfè.

* ⁠Se anpeche gen divizyon antre yo ak Kreye yon klima pou toujou rann yo rete an Amoni

* ⁠Se prevwa kèk sanksyon sou tout plent ke yon moun ta pote kont yon APANTÈ

* ⁠Se bay avi yo sou tout plent ki depoze swa nan Pakè ou byen ministè jistis kont tout manm ki fè pati KÒPORASYON an

* ⁠Se delivre tout sètifika ki gen rapò ak moralité pou Estajyè yo

* ⁠Se reprezante KÒPORASYON an nan sa ki konsène dwa ak enterè komen APANTÈ yo.

4- ✍️, Sou kesyon Dwa ak Devwa APANTÈ yo, nap diw ke APANTÈ yo paka refize reponn ou byen fè yon bagay sou rekizisyon yon moun ki se yon senp patikilye ki vini devanl, si li ta refize yo kapab sispann li nan fonksyon l pou yon peryòd Alan jiska 5 mwa ak kondisyon ke li ta jistifye ke li gentan kòmanse travay pou moun nan se kèk ti anpèchman li ta genyen ki fèl pa fini.

Nap diw tou pagen pyès APANTÈ ki kapab enstrimante nan yon Jiridiksyon ki pa jiridiksyon l sof nan kad ke ta gen yon revizyon ak yon Komisyon eksprès yon Tribinal.

Nap diw tou APANTÈ yo gen yon estati ki distenk ak anpil lòt oksilyè. Yo ranpli fonksyon tou ki administrativ ak salarye.

Nan ka sa yo paka enstrimante pou Leta. Yo opere nan tout komin nan repiblik lan. Sepandan, Yo entèdi yo Apante pou nenpòt moun, si yo ta fèsa pwosè vèbal APANTAJ sa ap frape de yon nilite ak operasyon an.

Anplis yo kapab frape de sispansyon pa Komisè gouvènman Jiridiksyon an ki konpetan pousa.

An konklizyon, APANTÈ yo defann pou fè operasyon APANTAJ pou tèt yo ak paran yo, alye yo an liy dirèk, an liy kolejyal, jis arive nan degre kouzen enklisivman.

N.B: Comme nous vous l'avons annoncé Notre prochain texte se fera sur le fonctionnement de l'Officier d'État Civil.

📕 📖 📒 📔 🖊, La liberté est le droit de faire tout ce que les lois permettent.

Disait : Montesquieu

Me John Tyson Camy, Èlève-Avocat

KIYÈS MOUN KI KAPAB SEZI KOU KASASYON POU YON AFÈ ?KÒMAN PWOSEDI AN DEWOULE POU SEZI KOU KASASYON ? ✍️, Pou nou reponn a...
01/04/2024

KIYÈS MOUN KI KAPAB SEZI KOU KASASYON POU YON AFÈ ?

KÒMAN PWOSEDI AN DEWOULE POU SEZI KOU KASASYON ?

✍️, Pou nou reponn ak 2 kesyon sayo li nesesè pou nou fèw konnen ke Kou Kasasyon an se dènye enstans ke w kapab sezi an ka de yon rekou ekstrawòdinè.

✍️, Pou reponn ak premye kesyon ki poze an nap di w ke dwa pou sezi kou KASASYON an pa yon dwa sèlman ki rezève ak yon Avoka ki se Oksilyè lajistis.

Sètadi nenpòt moun nan kapab sezi kou kasasyon men li nesesè pou ke moun sa metrize pwosedi yo.

✍️, Kounya nap rantre nan manman afè an ki se Pwosedi pou sezi kou kasasyon an.

Yon moun ki vle sezi kou kasasyon kont yon desizyon ki kozel prejidis tou dabò dwe fè deklarasyon pouvwa a nan grèf tribinal an ou byen kou kite rann desizyon an men m sil ta yon tribinal administratif tankou Koudèkont.

N.B: Ou kapab fèl tou pa yon ak ki rele eksplwa epi sinifyel ak pati advès lan oubyen domisil li ak sinifyel ak moun ke li bay manda pou defann li an.

✍️, Si deklarasyon pouvwa sa pat arive fèt nan grèf tribinal lan ou byen Kou kite rann desizyon an, demann sa ap sinifye nan grèf tribinal lan ou byen Kou an ki pral enskri nan Dat li sou yon rejis ki pou destine avèk tout enonsiyasyon kite prevwa nan afè an.

Nan ka yon Komisè gouvènman tribinal premyè enstans ou byen yon Komisè gouvènman Kou dapèl ki ta vle fè yon pouvwa an Kasasyon nan respè lalwa kont yon desizyon li dwe fè deklarasyon pouvwa li an nan tribinal ou byen Kou kite rann desizyon sa.

Poutan, pou Komisè gouvènman Kou Kasasyon an li dwe fè deklarasyon pouvwa a li menm nan grèf Kou Kasasyon an.

✍️ , li nesesè tou pou diw atribisyon Kou Kasasyon yo :

1- Pou konpozisyon òdinè yo Kou Kasasyon konnen tout pouvwa ki fòme kont tout òdonans ke yon Dwayen rann ke yo rele òdonans refere.

2- Li konnen tou tout pouvwa ki fòme kont tout Arè ke Kou dapèl li menm rann ak Koudèkont nan zafè administratif.

3- Li konnen tou tout pouvwa ki fòme kont tout jijman ki rann nan dènye resò ki soti nan tribinal premyè enstans nan atribisyon Kou dapèl sètadi lèl syeje achaj dapèl nan ka yon desizyon ki rann pa yon tribinal senp polis.

4- Li konnen tout pouvwa fòme kont tout desizyon nan dènye resò ki rann pa yon tribinal senp polis nan tout afè pou koz enkonpetans ou eksè pouvwa.

N.B: Pou egzèse pouvwa a fòk ou vini avèk griyèf ki pou montre ke nesesite pou demann ou an resevab.

5- Li konnen tout demann ki fonde sou kontrareyete kèk Jijman oubyen arè nan yon menm dosye antre menm pati yo ak tou nan diferan tribinal premyè enstans ak Kou dapèl.

6- Li konnen tout demann sou règleman jij yo nan dosye sivil yo oubyen kriminèl yo pou koz sispisyon lejitim.

7- Li konnen tout plent ak denonsiyasyon ki fè kont yon jij nan kèlkeswa tribinal lan ak ofisye pakè yo pou krim ak deli ke yo ta komèt nan egzèsis fonksyon yo

8-Li konnen tout rekizisyon ke Komisè gouvènman yo sou zòd ministè jistis ak dofis pou kapab fè anile tout ak jidisyè ak tout jijman ki fèt an absans lalwa.

9-Li konnen tout demann ki fèt kont tout jij kit li te Kou dapèl, tribinal senp polis, tribinal premyè enstans kap rann kèk deizyon fòse .

1-✍️, Pou konpozisyon ekstrawòdinè ak odyans solanèl nan seksyon reyini an li konnen tout pouvwa fòme nan segon rekou sètadi vini pa devan Kou an yon dezyèm fwa lèsa ap gen 7 jij pou piti kap tandel .

2-Li konnen tou tout demann pou revize kèk pwosè kriminèl nan ka ke lalwa prevwa lèsa ap gen 7 jij kap syeje pou piti.

3-Li konnen tou tout demann nan ka enkonstitisyonalite kèk lwa. Nan ka sa kantite Jij yo pa dwe pi piti ke 9.

N.B: Ce texte ne va pas vous inculquer un cours de procédure mais plutôt pour vous faire savoir certaines choses relatives sur le déroulement de la procédure par devant la Cour de Cassation.

La procédure est longue.

✍️📖📕🖊, La liberté est le droit de faire tout ce que les lois permettent.

Disait: Monstesquieu

Me John Tyson Camy, Élève-Avocat au Barreau des Gonaïves

KÒMANW KAPAB VIN JIJ NAN KOU KASASYON ? AK MODALITE FONKSYÒNMAN KOU KASASYON ? ✍️, Pou nou pale de Kasasyon li enpòtan p...
28/03/2024

KÒMANW KAPAB VIN JIJ NAN KOU KASASYON ?

AK MODALITE FONKSYÒNMAN KOU KASASYON ?

✍️, Pou nou pale de Kasasyon li enpòtan pou ke nou fè yon ti koudèy sou lwa òganik Konsèy Leta a kite vote yon jou kite 6 Septanm ak Jwenn otorizasyon otorite leta yo jou kite 11 septanm nan lane 1918 pou te modifye lwa òganik lane 1868 kite fikse kantite Jij ke nou dwe genyen nan Kou an kise 11 jij ki enkli yon Prezidan ak Yon Vis Prezidan.

N.B: Sa nou dwe fè Kòm remak jiska lane 1951, 2 seksyon ke tribinal lan kise Kou an pat gen menm atribisyon.

Se jis pou m kapab eklèsiw ke se te 2 Seksyon an ki te konnen demann ak zafè kriminèl, koreksyonèl ak kontravanyon, plent, denonsiyasyon kont tout Jij nan divès tribinal, kont tout ofisye ministè piblik ke nou konnen sou non Komisè Gouvènman an pou Krim ak deli ke yo ta komèt nan egzèsis fonksyon yo konfòmeman ak Kòd enstriksyon kriminèl lan.

Nan lane 1950, Konstitisyon an te chanje non an kise te tribinal an .

Men nan lane 1951, lwa òganik 09 Septanm nan kontrèman ak lwa òganik 1918 lan te enspire lejislatè nou yo arive elabore yon lwa òganik kise lwa 11 Me 1920 kita pral enstitiye yon Konsèy kise . Sa ki ta pral bay 2 seksyon sayo menm atribisyon nan Kou an.

Nan lane 1954, lwa òganik 16 jiyè an te ajoute yon (1) Jij sou 11 Jij ke Lwa òganik 1918 lan te prevwa a, depi lèsa Kou an konpoze ak yon kantite kise 12 Jij.

Konpozisyon an te fèt konsa:

-Yon Prezidan

-Yon Vis Prezidan

-Yon Komisè Gouvènman

-Ak 3 Sibstiti Komisè Gouvènman.

-Atache ak yon grefye kise chèf

-Yon Chèf pèsonèl administratif

-7 Grefye

-3 Uisye Odyansye

-8 Sekretè ak 3 komi Pakè

Kesyon Prensipal lan se Kòmanw kapab vin Jij nan Kou Kasasyon ?

Ebyen annou reponn kesyon sa , ✍️...........

Ou kapab vin Jij nan Kou Kasasyon swa ou te okipe pandan 7 lane pou piti fonksyon Jij oubyen ofisye nan pakè an presizeman Kou Dapèl , swa ou te gen pou piti 10 lane ap egzèse pwofesyon Avoka a.

Eksplikasyon ✍️, nan Okazyon ke gen kèk plas vakant moun sa kapab poze kandidati li kote ke lap depoze Dosye l yo devan Sena Repiblik lan sou yon lis ki se 3 Moun, ki pral rive nome pa Arete Prezidansyèl.

Nap tou pwofite diw sa tou, Jij Kou Kasasyon yo gen yon yon manda ki dire 10 lane ki kapab rekondwi sètadi renouvlab.

Manda Jij sayo kòmanse apati de jou ke yo Prete sèman an.

Rekapitilasyon,

Nou te pale w nan kòmansman tèks lan ke Kou an gen 2 Seksyon:

- Premyè Seksyon an syeje chak Lendi ak chak Mèkredi.
- ⁠Dezyèm Seksyon an syeje chak Madi ak chak Jedi.

Yo reyini nan odyans Solanèl ak nan Asanble jeneral oubyen Konsèy Siperyè Pou Magistrati an.

Sou modalite fonksyònman an;

✍️, pou konpozisyon òdinè Kou Kasasyon an kit se premyè oubyen dezyèm Seksyon an se 5 Jij.

Pou konpozisyon ekstrawòdinè an nan odyans solanèl yo se Seksyon reyini.

Nan odyans solanèl ak ekstrawòdinè Seksyon reyini yo, Kou an syeje ak tout 12 Jij lan , si ta gen yon anpèchman ki lejitim kantite ki syeje an pa dwe enferyè ak 7 Jij.

Li pou ni Asanble Jeneral Jij yo ak Konsèy Siperyè Magistrati an.

N.B: Lè Kou an ap jwe wòl Kou Konstitisyonèl li kapab ak Yon konpozisyon pou piti 9 Jij.

✍️ , 📖 📕 🖊

La prochaine étape sera la procédure pour saisir la Cour de Cassation 🙏.

Me John Tyson Camy, Élève Avocat au Barreau des Gonaïves

Bonsoir à vous toutes et à vous tous! On espère que vous vous portez bien 👍. J'en profite cette occasion pour vous souha...
06/01/2024

Bonsoir à vous toutes et à vous tous!

On espère que vous vous portez bien 👍. J'en profite cette occasion pour vous souhaiter une heureuse année 2024 dans la paix 🙏 et pour que cette année soit merveilleuse pour vous!

Cela fait plus d'un an et quelques mois que j'ai perdu cette page sur le pseudonyme Me John Tyson Camy.
Dorénavant, je récupère la page 📄 .

Je laisserai ce message là et ce souhait là pour vous annoncer que je continuerai à mon travail qui était de partager mon savoir à toutes les personnes qui ont fait choix de cette discipline là qui est la science juridique. 📕 📖 🖊

Attendez- moi !🙏 J'aurai beaucoup de textes à vous faire part cette année.

Soyez des nôtres ✊ !

John Tyson Camy, Élève-Avocat au Barreau des Gonaïves

KISA DIFAMASYON AN YE NAN LEJISLASYON AYISYÈN NAN ? 📚 📖 🖊 Pou Etidyan ou byen pwofan’n kita omwen gen yon ti nyans ant d...
05/08/2022

KISA DIFAMASYON AN YE NAN LEJISLASYON AYISYÈN NAN ? 📚 📖 🖊

Pou Etidyan ou byen pwofan’n kita omwen gen yon ti nyans ant difamasyon an ak Dononsiyasyon kalomyez lan m’ap jis fon ti diferans pou Nou paske yo vrèman sanble.

✍️ Ou kapab pale de Denonsiyasyon kalomyez se nan yon ka yon moun kap travay nan yon enstitisyon kote ke li gen plizyè kòlèg travay li sètadi y’ap travay nan men’m enstitisyon tou men vin gen jalouzi kote ke gen youn nan moun sayo ke yo bay plis avantaj nan enstitisyon an kote ke yo bal yon salè ki plis pale lòt moun yo men moun sa ki gen salè sa anplis lòt moun yo sa vin kreye yon jalouzi kote ke gen lòt anplwaye nan enstitisyon an ki kòmanse ap bay patwon an manti sou moun sa sètadi di moun sa konn vini an reta nan travay lan, li toujou ap fimen nan travay lan, li toujou ap bwè nan travay lan poutan se manti.

Epi lè patwon tande sa li rele anplwaye an li obsèvel pousa ke li tande yo di ke lap komèt nan travay lan. Epi Aprè bon jan ankèt ke patwon an vin mennen li vin wè se pavre sètadi anplwaye an pat janm konn komèt dezòd sa yo vre.

Ebyen nan dwa a lèw gen yon ka parèy konsa yo pa relel difamasyon yo rele sa denonsiyasyon kalomyez olye ke yo di son difamasyon ke yo fè sou moun nan.

✍️ Nan Ka Pa Difamasyon an se kisa li ye menm ?

Pa definisyon, Difamasyon an se aksyon kote ke ou difame ki sinifi ke ou fè mansonj sou yon moun ke’w di Ki fè yon bagay poutan se imaj moun nan ak repitasyon li ke wap sal.

Men nan tèks legal Nou yo,yo di ke difamasyon an se yon alegasyon sètadi yon bagay ke ou afime sou yon moun or ou paka pwouve sa ke ou afime kont moun nan savle yon deklarasyon ke’w fè kote ke ou relve dè fè sou moun nan men egzistans fè sayo ke ou relve an ou paka pwouvel lèsa ou komèt yon difamasyon 📚 📖 🖊.

N.B: Lalwa di tou men kòman ke difamasyon an kapab arive fèt.

1- Li kapab fèt nan yon reyinyon piblik lèsa fòk gen yon moun kite temwen lèw tap fè deklarasyon yo pou pwouve ke li te asiste’w lè’w t’ap di sa.

2- Difamasyon an kapab fèt pa yon ak Ki otantik ak piblik, Savle di kisa? Sètadi moun nan kapab fè deklarasyon an tou pa ekri men fòk li siyen pa moun nan ki fè difamasyon an. 📖 📚 🖊

3- Difamasyon an tou kapab fèt pa yon ekriti enprime oubyen Ki afiche yon kote men fòk li gen siyati moun nan kew di ki komèt ou difamasyon an. 📚 📖 🖊

4- Difamasyon an tou kapab fèt pa piblisite sètadi kote ke wap distribiye nouvèl lan sètadi deklarasyon an ke yo rele nan dwa a alegasyon an kote ke li pote atent ak Onè Moun nan ak repitasyon moun an. 📚 📖 🖊

5-Difamasyon tou kapab fèt tou nan fason ke wap vann imaj moun nan kòm kwa wap fèl pase pou yon bagay kel pa ye kote ke ankò wap sal repitasyon li. 📚 📖 🖊

Sanksyon ki rezève pou enfraksyon sa se:

- Pèn ak travo fòse ak pèpetuite

-Anprizònman yon ane ou byen twa ane ak yon amann kise 300 ak 1500 goud.

-Nan yon lòt ka, anprizònman an ap simwa oubyen yon ane ak yon amann kise 100 ak 500goud.

📖 📚 🖊,A pa lè ou fen pou mete manje sou dife...

Memoran an Dwa, Kòminikatè, Jounalis 🎙

DIFERANS KI GENYEN ANT PAKÈ AK TRIBINAL 📚 📖 🖊.Anpil Etidyan ak Moun ki swa dizan pa fè Dwa pa vrèman kapab idantifye kil...
28/07/2022

DIFERANS KI GENYEN ANT PAKÈ AK TRIBINAL 📚 📖 🖊.

Anpil Etidyan ak Moun ki swa dizan pa fè Dwa pa vrèman kapab idantifye kilèw nan Pakè ak kilèw nan Tribinal. 📚 📖 🖊

Diferans ki genyen an sèke lèw ale Pakè ou pa prezante devan jij paske Pakè an se Ansanm kò ki gen ladan li Komisè Gouvènman ak Sibstiti Komisè Gouvènman........

An dwa yo rele Pèsonèl sayo : Paketye

Pèsonèl sayo la:

1) Pou resevwa Plent

2) Pou pouswiv kèlkeswa moun ki komèt yon enfraksyon tankou: Deli ak Krim.

3) Pèsonèl sayo se Avoka sosyete a ke yo ye sètadi depi enterè sosyete a angaje se yo pou kontake.

An matyè penal, yo se chèf pouswit.

N.B: Tout jij de pè yo travay pou Pèsonèl sayo kòm OPJ= Ofisye polis Jidisyè sètadi yap chèche deli ak krim pou Komisè Gouvènman an nan jiridiksyon pa yo an.

-Yon Avoka paka rive devan Pakè poul di ke li prale plede, non. Paske lèw Pakè ou jis la pou bay asistans.

N.B: Avoka pa plede devan Pakè ou jis pote yon asistans ak yon kliyan sètadi Avoka plede nan Tribinal.

Siw ta rive pakè,epiw se yon Pratisyen an Dwa epiw ale pote plent ak yon moun sètadi kòm asistan li pa Pwoblèm paske yo pap mandew pou Egzibe w, sètadi prezantew antanke Avoka Men ki diferan de Tribinal. 📚 📖 🖊

Tribinal la li menm se ladan ou jwenn: Grefye,Jij,Uitsye .

Sètadi yon kò ki là pou fè jijman.

Nan Tribinal lan, li se yon obligasyon pou ke ou prezantew pou di kiyès kew ye nan nom ki moun wap aji sètadi wap pwodwi demann ou an,ak ki tit,ki kalite.

Tribinal lan se lye kote yo bay jistis,Kote ou jwenn Majistra yo.

N.B: Tribinal lan se pa espas lan se pito pèsonèl ki konstitiyel yo, sètadi si gen yon pèsonèl kita dwe la ki pala nan ka sa pagen Tribinal. 📖 📚 🖊.

Li toujou enpòtan pou retire tout konfizyon ke w ta genyen sou lekti ke w fè de yon bagay Paske

Konnen yon bagay se jis yon senp demonstrasyon Men pa konnen li tou se yon obstak pou al pale saw pa konnen. 🙏

📚 📖 📒 🖊

Memoran an Dwa,Kòminikatè, Jounalis 🎙

SAVEZ-VOUS BIEN LES PERSONNES MORALES ET LES PERSONNES PHYSIQUES EN DROIT HAÏTIEN 🇭🇹?Tous les concepts clés ont une défi...
14/06/2022

SAVEZ-VOUS BIEN LES PERSONNES MORALES ET LES PERSONNES PHYSIQUES EN DROIT HAÏTIEN 🇭🇹?

Tous les concepts clés ont une définition. 📚 📖 🖊 C’est pour cette raison là que l’auteur de ce texte va tenter de définir lui-même les deux concepts liés à la question posée.

C’EST QUOI UNE PERSONNE MORALE ?

En droit français, une personne morale est un groupement doté de la personnalité juridique. Généralement une personne morale se compose d'un groupe de personnes physiques réunies pour accomplir quelque chose en commun.

N.B: Le droit Haïtien 🇭🇹 découle du droit Français mais les règles sont vraiment différentes.

Il y a un auteur qui disait:

‘’Nous imitons la constitution de la France 🇫🇷 puis l’Afrique dans leur application’’. 😆 😆 😆

C’est juste une anecdote!

Explication: Dès qu’on parle de la règle juridique on est dans le droit positif qui se décalque le droit subjectif et le droit objectif.

C’EST QUOI UNE PERSONNE PHYSIQUE?

Une personne physique est un terme de droit qui désigne un être humain auquel est reconnu une personnalité juridique, c'est-à-dire la capacité d'exercer un certain nombre de droits et d'agir en justice.

Dorénavant, nous allons vous faire part de la définition et constitution des personnes morales.

Les personnes morales représentent généralement soit des groupements de personnes et de biens,comme les collectivités, soit des masses,de biens affectés à un but unitaire, telles les fondations.

Il y a trois éléments qui entrent dans leur constitution:

1- Un Patrimoine propre ( le fonds social)

2- Une affectation à un but unitaire ( l’objet poursuivi)

3- L ‘existence d’organes propres de représentation ( gérants,administrateurs).

C’est-à-dire les personnes morales sont assimilées par la loi aux personnes physiques. Elles ont une existence distincte de celles des membres qui les composent.

Il y a aussi la classification des personnes morales.

On distingue deux groupes de personnes morales:

A) Les personnes morales de Droit public.

B)Les personnes morales de Droit Privé.

Pour les personnes morales de Droit Public.

Ce sont celles qui ont été instituées par les Pouvoirs Publics pour l’organisation même de la ‘’ Cité’’. Elles émanent de la Puissance Publique. Elles comprennent:

A) L’État que l’on appelle ‘’Personne Morale Nécessaire ‘’ chargé d’assurer la gestion des intérêts de la Nation, celle-ci étant considérée comme une unité juridique.

L’État possède des biens qui se répartissent en deux catégories: Les biens du domaine public de l’État, les biens du domaine privé de l’État.

Ses organes de représentation sont le Pouvoir Législatif,Le Pouvoir Exécutif et le Pouvoir Judiciaire.

B)Les commune. Ce sont des entités administratives possédant des biens propres et ayant chacune un organe propre de représentation: l’Administration communale ou Conseil Municipal.

La commune est en principe autonome,mais,cette autonomie est conditionnée et limitée Par la loi.

C) Les Établissement publics. Il s’agit de branches détachées de l’ensemble des services généraux de l’État pour assurer des services spéciaux et qui ont été à cette fin érigées en organes dotés d’une vie propre. Ces Personnes morales sont aussi placées sous tutelle administrative.

Il en est ainsi d’organismes tels que l’OFATMA,l ONA, l’IBESR, la LOTERIE DE L’ÉTAT HAÏTIEN, etc...ces organismes ne doivent pas être confondus avec d’autres. Établissements publics appelés parfois ‘’ corps constitués’’ qui tout en ayant un budget particulier et tout en jouissant d’une certaine indépendance dans leurs actes n’ont pas la personnalité morale et n’ont pas de patrimoine propre tels le Sénat, la Chambre des Députés, les Tribunaux...

Les personnes morales de Droit Privé. Ce sont en général des groupements de particuliers unissant leurs efforts et une Partie de leurs avoirs individuels dans un but commun. Les personnes morales de Droit Privé comprennent:

A) Les sociétés civiles et commerciales

B)Les associations

C) Les Fondations

En conclusion, on fait choix de les pas definir puisqu’on sait quand même que vous aurez une idée de ces trois concepts là. 🙏 🙏

Dans un autre texte vous aurez la possibilité d’avoir l’explication sur la situation juridique des personnes morales c’est-à-dire sa capacité, son nom, son domicile, sa Nationalité.

Pour la nationalité des personnes morales en Haïti 🇭🇹 vous pouvez aller lire l’article 4 et 5 de la loi du 13 février 1925.

Pour la responsabilité de la personne morale,on vous réfère à l’article 1168 et 1169 du code civile haïtien.

Et lorsqu’il y a lieu d’appliquer des sanctions pénales contre la personne morale, elles sont supportées par les présidents, gérants, administrateurs individuellement. Ex : dispositions de l’article 14 de la loi du 3 août 1955.

Peu importe leur choix de tactique juridique, les fabricants de ces produits symboliques envoient tous le même message incroyablement contradictoire : nous voulons que nos marques soient l'air que vous respirez - mais ne songez même pas à l'expirer. 📖 📚 🖊.



Mémorant en droit, Communicateur,Journaliste 🎙

Salitasyon pou tout zanmi,frè,sè ki toujou bay tan yo pou li tèks ke mwen konn redije nan sa ki gen pou wè ak dwa a📚 📖 🖊...
21/03/2022

Salitasyon pou tout zanmi,frè,sè ki toujou bay tan yo pou li tèks ke mwen konn redije nan sa ki gen pou wè ak dwa a📚 📖 🖊.

Mwen pwofite moman sa pou mwen motive absans mwen pou yon ti tan via paj sa kise Me Jhon Tyson Camy nan sousi pou ke Nou Avanse ak etap nou gen pou nou franchi nan domèn nan. 🙏 🙏 🙏

M swete nou toujou rete konekte ak mwen pou nou pale de dwa 📚 📖🖊 .

Mèsi !

LE JUGE D’INSTRUCTION AU TRIBUNAL DE PREMIÈRE INSTANCE AVEC JHON TYSON CAMY. 📚 📖 🖊 On commence par la définition du Juge...
01/03/2022

LE JUGE D’INSTRUCTION AU TRIBUNAL DE PREMIÈRE INSTANCE AVEC JHON TYSON CAMY. 📚 📖 🖊

On commence par la définition du Juge d’instruction.

Le juge d’instruction est un magistrat du tribunal de première instance.Il intervient avant l’éventuel procès pénal en vue de réunir tous les éléments permettant de déterminer poursuivies sont suffisantantes pour que celles-ci soient jugées.

Explications:

Le juge d’instruction procède à tous les actes d’information qu’il estime utiles à la manifestation de la vérité.Il instruit à charge et à décharge.Il doit donc procéder à tous les actes d’information utiles,que celles-ci soient de démontrer la culpabilité ou l’innocence d’une personne.

Dorénavant,nous devons vous expliquer aussi ses fonctions au niveau du tribunal de première instance.

Dans le cadre de ses fonctions,le juge d’instruction peut procéder notamment à l’audition des témoins,ordonner des perquisitions,effecteur des confrontations,recourir à la force publique et délivrer des mandats d’amener,d’arrêt,de dépôt et de comparution,etc. A l’encontre de personne suspectée d’avoir commis une infraction,il peut prendre un certain nombre de mesures nommant une mesure d’inculpation.

Il y a aussi l’examen de la compétence du juge d’instruction au niveau du tribunal de première instance.

Pour l’examen, le juge d’instruction doit d’abord vérifier s’il est régulièrement saisi en la forme,notamment si Lè réquisitoire introductif est bien signé et si les pièces sur lesquelles repose la poursuite sont jointes.

Dès qu’il est saisi,le juge d’instruction doit examiner sa compétence avant toute instruction.Cette vérification s’impose car la déclaration d’incompétence entraine l’annulation des actes de l’instruction.

Il ne faut jamais oublier cela: Les actes d’un juge incompétent ne peuvent survivre à la déclaration juridique de cette compétence.

Le juge d’instruction vérifie s’il est compétent ratione loci selon les règles fixées par l’article 56 du code d’instruction criminelle. L’instruction fait par un juge incompétent ratione loci doit être annulée.

Il est important de rappeler que le juge d’instruction est compétent en raison de l’un des facteurs de compétence énumérés par l’article 56 précipité,ne peut se dessaisir en faveur d’un autre. Le juge d’instruction est également compétent,mais non saisi des mêmes faits,sous le seul prétexte que ce dernier est mieux placé que lui pour instruire. Un tel dessaisissement constituerait un véritable déni de justice. Le juge d’instruction ne peut se dessaisir qu’après avoir épuisé sa juridiction par une ordonnance de non-lieu ou une ordonnance de renvoi.

Le juge d’instruction aussi doit vérifier sa compétence ratione materiae. Il suffit que le fait soit incriminé par la loi et constitue une infraction pénale: le juge d’instruction a qualité pour qualifier ou disqualifier tout fait délictueux.

Le juge d’instruction doit enfin apprécier s’il est compétent ratione personae,si l’inculpé peut invoquer en raison de sa qualité des formes spéciales de procédure ou si l’information doit être suivie dans un autre ressort.

Le juge d’instruction a également qualité pour décider sur les causes qui opèrent l’extinction de l’action publique,telles que l’exception de chose jugée,la prescription,l’amnistie,le décès du prévenu.

Le juge d’instruction a également qualité pour statuer sur la recevabilité de l’action publique. Il ne servirait à rien d’instruire,si certaines choses dès à présent suspendent le cours de l’action publique ou en opère l’extinction.

Référence:

Le code d’instruction criminelle haitien. 📚

Ouvrage de la procédure pénale de Jude Baptiste 📚

Citation juridique:

Un magistrat est jeune tant qu'il succombe à la tentation de croire et qu'il résiste à la fatigue d'espérer. Le magistrat est la loi vivante. Car la loi en soi ne porte que les commandements ou défenses qui seraient illusoires si la peine et le magistrat ne leur donnaient une sanction.

📚 📖 🖊

Mémorant,Communicateur,Journaliste 🎙

Adresse

Delmas
6120

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50939379077

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Me Jhon Tyson Camy publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Me Jhon Tyson Camy:

Partager