Dwa m se san m

Dwa m se san m Promotion pour les droits humains!

18/07/2022

Kiyès yon komisyonè an dwann ye❓

Ki kondisyon pou yon moun vin komisyonè an dwan❓

An anglè yo rele yo Broker, an fransè yo rele yo DECLARANT ou commissionaire en douane‼️

Nan peyi Dayiti se dekrè 29 septanm 2005 la ki trete kesyon sa a.‼️

Broker ou komisyonè an Dwann nan se sila kap ekzèse pwofesyon ranpli fòmalite dedwannman yo selon sa lwa ki jere kesyon la dwan prevwa. Se pwofesyon tout moun kap akonpli pou yon lòt ( antrepriz osinon yon moun) osinon pou li fòmalite ki gen rapò ak la dwan yo.

Pa ekzanp Robert voye yon machin soti Miami pou Carline, eben Carline ap bezwen sèvis yon komisyonè an dwan pou pèmèt li dedwane machin sa a, se komisyonè an dwann sa a ki pral fè sezi tout enfòmasyon ki gen pou wè ak machin sa a sou systèm dwan nan tankou koulè, mak, seri, ane, modèl, eske machin sa diesel, gazolin, eskel 2×4, 4×4, eske se vwati, kamyon, pick up, nimewo idantite moun machin sa a vini sou non li a. Se broker a kap founi bay la Dwan tout dokiman, papye, fòmilè ak papye antrepriz li reprezante a tankou kitis fiskal lè se pou yon antrepriz, lis kolizaj.....elatriye.....san travay sa a ou pap ka dedwane machin nan, anyen pa posib. Menm janw pral la jistis ou bezwen sèvis yon avoka, lèw pral nan kesyon dedwannman ou otomatikman bezwen sèvis yon komisyonè an dwan.

Pou yon moun vin broker ou komisyonè an Dwan se apati yon konkou administrasyon jeneral dwan (AGD) òganize e kap fèt sou matyè tankou lejislasyon dwanyè ak lòt lwa ki gen rapò ak komès entènasyonal. Sila ki reyisi konkou sa ap benefisye yon sètifika administrasyon jeneral Dwann nan ap ba li pou li kapab ekzèse kòm broker. Li enpòtan tou ke broker sa gen yon bon nivo etid, yon bon nivo nan enfòmatik, nan anglè, fasilite pou negosye epi konn kominike tou. Kelkeswa saw etidye deja sa pa anpechew kapab broker, se yon bèl pwofesyon ki gen kòb e ki liberal menm jan ak medsin, avoka.... Broker a kapab gen biwo e genyen anpil moun kap travay ak li nan tout peyi a.

Gen 2 kategori broker ou komisyonè an D

01/07/2022

*Bon à savoir !*
Droit d'asile
concept juridique
Langue

L'asile étant un lieu où une personne se sentant menacée peut se mettre en sécurité, le droit d'asile renvoie au fait que, dans différentes civilisations, les sociétés ont reconnu un droit à chaque être humain de trouver refuge face à des menaces et des persécutions. Ainsi, la Déclaration universelle des droits de l'homme énonce, en son article 14 : « Devant la persécution, toute personne a le droit de chercher asile et de bénéficier de l'asile en d'autres pays. » La Convention de Genève de 1951 a donné à cette protection une traduction en droit international public.

Le terme asile vient du grec ancien άσυλον (asylon, « qu'on ne peut piller ») et du latin asylum (« lieu inviolable, refuge »). En 1657, Scarron définit l'asile comme « tout lieu où l'on se met à l'abri d'un danger »[1]. Au xixe siècle, le mot devient aussi synonyme d'établissement pour infirmes, vieillards ou aliénés. La notion devient alors ambivalente, pouvant renvoyer à des concepts diamétralement opposées (hospitalité ou mise à l'écart, voire confinement).

Le droit d'asile ancien, suivant une tradition millénaire, était le droit d'une autorité (religieuse, politique...) ou d'un établissement (temple, église...) de pouvoir accueillir sur son territoire toute personne de son choix. Le droit d'asile moderne émerge lentement aux xviiie, xixe et surtout xxe siècles, comme une valeur éthique voire politique, parfois inscrite dans le droit, tendant à accorder aux personnes injustement menacées le bénéfice d'un refuge pour se protéger temporairement ou définitivement.

Le droit d'asile en tant que valeur est à distinguer du droit de l'asile[2] en tant qu'ensemble de règles juridiques (internationales, nationales, jurisprudentielles…) qui mettent en œuvre l'idée d'asile telle qu'elle se conçoit à chaque époque et dans chaque pays.
Source : Wikipédia*

20/06/2022

💍💍𝗦𝗜’𝗪 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 𝗗𝗘𝗝𝗔 𝗢𝗨𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗢𝗨 𝗣𝗪𝗔’𝗟 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘, 𝗢𝗨 𝗗𝗪𝗘 𝗞𝗢𝗡𝗡𝗘𝗡 𝗞𝗜𝗦𝗔 𝗞𝗜 𝗡𝗔𝗡 𝗥𝗘𝗝𝗜𝗠 𝗠𝗔𝗧𝗥𝗜𝗠𝗢𝗡𝗬𝗔𝗟 𝗬𝗢 𝗣𝗢𝗨 𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗖𝗛𝗪𝗔𝗭𝗜 . 𝗠𝗘𝗡 𝗧𝗢𝗨𝗧 𝗗𝗘𝗧𝗔𝗬 𝗬𝗢 :

Depi’w wè Rejim matrimonial ou dwe konnen ke se yon ansanb règ jiridik ki destine pou òganize rapò sa ki gen pou wè ak patrimwan antr, yon kote epou yo antre yo e, yon lot kote antr epou yo ak lot moun. An Ayiti Yon koup ki vle marye gen chwa pou li chwazi rejim li vle a.

Men jan sa te ye lontan sa vin chanje apre yon dekrè Prezidan Jovenel te pran nan dat 9 avril 2020 an.

Nan ti teks sawap gen chans pou wè avantaj ak enkonvenyan chak rejim yo.

𝗔𝗻𝗻 𝗴𝗮𝗱𝗲 𝗿𝗲𝗷𝗶𝗺 𝘆𝗼 𝗮𝗻𝘀𝗮𝗻𝗺:

Nan dwa nou an nan peyi Dayiti ou ka marye sou :

- Rejim kominote légal
- Rejim kominote de mèb réduit ozakè
- Rejim kominote a tit inivèsel
- Rejim separasyon BYEN
- Rejim dotal

Ann gade ansanm kisa chak rejim yo gen ladan yo :

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗹𝗲́𝗴𝗮𝗹:💍

Depi w'ap marye ou pa chwazi fè kontra sou pyès Rejim otomatikman ou marye sou Rejim kominote legal. Se rejim pifò ayisyen marye . Nan rejim sa gen 3 patrimwan ke nou dwe konnen ki konpoze kominote a. Gen byen pwòp mari a , byen pwòp madanm nan ak byen komen.

Byen komen yo gen ladanl byen mèb ke chak epou yo te genyen pandan maryaj la e byen imobilye ke epou yo vin genyen atit onere( onereux) pandan maryaj la.

𝗞𝗶𝘀𝗮 𝗯𝘆𝗲𝗻 𝗺𝗲̀𝗯 𝗹𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝗹𝗮𝗱𝗮𝗻𝗹?

Byen mèb la gen mobilye enteryè , kont bankè yo , lajan likid , tit ou valè de bous, aksyon ki gen nan yon sosyete, fon komès e tou kliyantèl sivil.

Byen mèb pa nati yo ki vle di byen ki atache eksklizivman a yonn nan epou yo fè pati de byen pwòp de chak epou menm lè yo te achte nan maryaj la . Byen mèb pa nati yo , se pantalèt fi a , slip neg la , vètman yo , enstriman travay , aksyon an reparasyon pou yon domaj kòporel elatriye.

𝗕𝘆𝗲𝗻 𝗽𝘄𝗼𝗽 𝗸𝗲 𝗰𝗵𝗮𝗸 𝗲𝗽𝗼𝘂 𝘆𝗼 𝗴𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 :

Se byen mèb ou imèb

10/09/2021

KILÈ YON APANTAJ LEGAL? KIJAN LI DWE FÈT? KILÈ YON AK APANTAJ OTANTIK?

Anpil nan nou achte tè e nou konn fè apante li pou nou men tou gen anpil nan nou ki pa konnnen vreman kisa ki apantaj la e kilè li legal se pou sa avèk plezi nou vin baw ti eksplikasyon sa.

Apantaj la se yon pwosesis ke yon apantè fè poul mezire , dokimante dimansyon , delimitasyon e sifas yon teren. Apantaj la gen ladan’l tou analiz istorik teren an e li detèmine pouki itilizasyon teren sa ye.

Men kisa ki ak apantaj la?

Ak apantaj la se yon papye ki sètifye delimitasyon teren an , li konfime kitès ki vwazen e li gen ladanl yon analiz istorik teren an. Nan ak apantaj la genyen desen teknik teren ak selon mezi distans yo ang yo. Nan papye a sa yo rele pwosevèbal apantaj la ap genyen non apantè e ki komin ,ki jiridiksyon, non mèt teren an , orijin teren an , lap mansyone tou otorizasyon yo , sipèfisi , bòn elatriye.

Ki pwosedi ki trase pou apantaj la fèt pou li bon?

1 - fok apante a jwenn otorizasyon nan men dwayen tribinal sivil zòn li an , oubyen komisè gouvenman , papye apantè a bezwen pou otorizasyon sa se ansyen ak apantaj , tit pwopriyete, resepise DGI.

2- Apantaj pa konn fèt san vwazen yo pa okouran , lalwa di se yon sitasyon ke yon isye ap voye bay chak vwazen pou fe yo konnen pwal gen apantaj teren ki vwazen l lan. Ou pa ka rete konsa ou voye di vwazen demen wap apante fok gen yon delè 8 jou.

3- operasyon apantaj la

4- anrejistreman ak la nan « direction de l’enregistrement et de la conservation foncière »ki nan DGI

Papye orijinal ak ak resepise DGI a kole avel ap rete nan biwo apantè a, apre sa yon ekspedisyon ak la ap gen kopi resepise DGI a pwal aneksye avèk ak vant lan Pou mèt teren an.

Fòk mwen di nou yon apantè pa ka sot nan yon lòt komin pou vin fè apantaj nan yo komin ki pa komin kote li otorize pou li fonksyone. Li ka fè sa selman si li fèl akonpaye ak yon lòt apantè ki otorize pou fonksyone nan komin kote teren an ye a men se sou otorizasyon dwayen tribinal sivil ki konpetan an.

Opozisyon:

Si ou gen teren ou ou we yo vin apante li ou ka fè opozisyon ak apantaj la , se pa baton woch non pou pran lè sa se depiw paret ou di apantè a ou fe opozisyon li dwe kanpe apantaj la. Yon moun pa bezwen ni tit , ni papye pou fè opozisyon a yon apantaj bouch li sifi.

Na ka sa moun ki fè opozisyon an gen 15 jou devanl pou li ale nan tribinal de pè kot byen an ye a e nan sans sa gen plizye opsyon:

- Si jij la dakò opozisyon an apantaj sa ap kanpe e pati yo pwal pote kesyon an devan tribinal premye enstans pou trete kesyon an ( verifye tit elatriye).

- Si jij de pè a rejte opozisyon an apantaj la pwal kontinye apantè a pap gen pou refè tout demach yo ankò

- Si moun ki fè opozisyon an kite pase 15 jou san li pa fè anyen apantè a pwal rekomanse a zewo , poul reprann otorizasyon elatriye..

Depi nou wè yon apantè remèt nou yon ak apantaj san li pa anrejistre ak sa pa otantik.

Me Pelex Flereme ©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

31/08/2021

𝐋𝐞 𝐏𝐑𝐎𝐂𝐄𝐒 𝐏𝐄𝐍𝐀𝐋 𝐄𝐓 𝐋𝐄 𝐏𝐑𝐎𝐂𝐄𝐒 𝐂𝐈𝐕𝐈𝐋 : 𝒍𝒂 𝒅𝒊𝒇𝒇é𝒓𝒆𝒏𝒄𝒆

• 𝐋𝐞 𝐃𝐫𝐨𝐢𝐫 𝐩é𝐧𝐚𝐥, c'est quoi?

Le droit pénal ou criminel interdit les gestes qui vont contre les valeurs fondamentales de notre société, comme le meurtre et le vol. La plupart des infractions (les « crimes ») et leurs conséquences (les « peines ») sont prévues dans le Code pénal (code criminel).

𝐋𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐜è𝐬 𝐜𝐫𝐢𝐦𝐢𝐧𝐞𝐥

Une personne qui fait quelque chose d’interdit par la loi pénale (ou une autre loi complémentaire) peut être accusée d’avoir commis une infraction. Elle doit alors se présenter devant le tribunal pour se défendre ou pour accepter les conséquences de son acte.

Très souvent, c’est la « victime » qui dépose une plainte à la police contre la personne qui a commis l’infraction. Par contre, ce n’est pas la victime qui poursuit l’accusé. Dans un procès pénal, c’est le ministère public qui poursuit l’accusé au nom de l’ensemble de la société.
D’ailleurs, il n’y a pas toujours de « victime » dans un procès criminel. Par exemple, il n’y a généralement pas de victimes directes pour les infractions liées à la drogue (la production, la possession, le trafic, etc.).

𝐋𝐚 𝐩𝐨𝐮𝐫𝐬𝐮𝐢𝐭𝐞 𝐩𝐚𝐫 𝐥𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐜𝐮𝐫𝐞𝐮𝐫

Lorsque les policiers croient qu’une personne a commis une infraction, ils font une enquête. S’ils ont suffisamment de preuves contre la personne soupçonnée d’avoir commis l’infraction, ils remettent le dossier à un officier du parquet qui travaille pour le ministère de la Justice.
Cet officier, qu’on appelle officiellement un « procureur » ou « officier du ministère public », évalue ensuite s’il dépose des accusations contre la personne soupçonnée d’avoir commis l’infraction. S’il dépose des accusations, la personne devra alors faire face à la justice.

𝐔𝐧 𝐚𝐜𝐜𝐮𝐬é 𝐞𝐬𝐭 𝐢𝐧𝐧𝐨𝐜𝐞𝐧𝐭 𝐣𝐮𝐬𝐪𝐮'à 𝐩𝐫𝐞𝐮𝐯𝐞 𝐝𝐮 𝐜𝐨𝐧𝐭𝐫𝐚𝐢𝐫𝐞

Même si les procès peuvent parfois être longs, tous les accusés ont le droit d’avoir un

24/04/2021

Salut à toutes et à tous,
Personne ne peut vous garantir vos droits fondamentaux dans ce pays, c'est à vous de les forger vu de leur préciosité dans votre vie.

25/03/2021

Cherchez à comprendre comment nous pouvons vous aider

22/03/2021

L'arbitraire s'enfonce dans nos murs, il nous faut une lutte acharnée et un combat sans merci pour empêcher cette descente aux enfers de toutes nos institutions.
KG

22/03/2021

*Décrèt du 29 Mars 1979 règlementant la profession d`Avocat*

Article 52.- L’Avocat militant postule devant toutes les juridictions en toute liberté et indépendance dans la limite des droits et conventions. En acceptant une cause, il s’engage à la produire selon les principes légaux et les intérêts de ses clients. Il jouit, par privilège, devant les organisations administratives ou de police judiciaire, quand il assiste ou représente une personne de toutes les garanties nécessaires à la défense des droits qu’il exerce.

Article 53.- Nulle contrainte, en dehors des cas prévus par la Loi, ne peut être exercée sur sa personne, à l’occasion de l’exercice de sa profession, notamment de l’exécution des actes de son ministère. La violation de ce texte entraîne la responsabilité personnelle de son auteur qui en répondra par devant qui de droit.

14/03/2021

Nos droits sont aussi précieux que notre sang, gardons les très fort!
GK

14/03/2021

Pa kite pèsonn pile dwa w anba pye

13/03/2021

Pa kite dwa w dèyè pou okenn rezon! Ou fèt avel!

Adresse

Croix Des Bouquets

Téléphone

+50936352690

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dwa m se san m publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Dwa m se san m:

Partager