25/09/2026
Lalwa entèdi moun mare bèt nan pye bwa, lè w gen yon bèt ou pa gade l nan pak se pa nan pye bwa w dwe mare l nan patiraj, menm si pye bwa se pou ou epi bèt la se pou ou tou, depi w mare l nan yon pye bwa ou vyole lalwa.
Se pikèt ou dwe byen pike nan tè a, lè w fin asire w ke pikèt sa byen solid fason w pike l nan tè a kounye a ou ka mare bèt la ladan l.
Referans: Atik 90 Kòd Riral.
Jodi a nou p ap pale anpil, n ap kanpe la, si w pa ko abòne pa neglije fè sa pou w pa rate kontni nou yo.
Superstars Top-g