Me. Wilner Boyer, av.

Me. Wilner Boyer, av. L'homme à vision politique de changement intégré

05/04/2023
17/12/2022

Yon ayisyèn pral dirije Harvard University

Se avèk dlo nan zye m, men tou anpil kè kontan mwen aprann doktè Claudine Gay se nouvo prezidan Harvard University---youn nan pi gwo inivèsite sou latè! Dr. Gay se dezyèm fanm kap dirije inivèsite saa. Men li se premye fanm nwa, premye karayibeyèn, premye ayisyèn ki rive nan tèt yon inivèsite osi prestijyez tankou Harvard!

Prezidan komite kap rekrite prezidan yo, Penny Pritzker, di madam Gay se yon lidè remakab ki kenbe Harvard nan nivo yon inivèsite ekselan!

Doktè Gay kòmanse travay nan Harvard nan ane 2006 kòm pwofesè nan lekòl gouvènman an. Nan ane 2008 li vin pwofesè etid afrikèn ak afro-amerikèn. Avan pwofesè Gay te rejwenn Harvard li te anseye syans politik nan inivèsite Stanford. E se nan inivèsite saa li te fè lisans li nan domèn ekonomi nan ane 1992. Li fè doktora (PhD) li nan domèn gouvènman nan Harvard University nan ane 1998. E li te resevwa yon pri pou pi bon tèz doktora!

Ochan pou medam ayisyèn yo! Bat bravo pou tèt nou medam! Mesye yo bat bravo pou meda m yo! Se yon bon nouvèl, se yon gwo nouvèl pou tout ayisyen ki renmen sa ki pozitif!

Teks: Roland Joseph,

Boston, MA.

Adresse

Jacmel
HT9140

Téléphone

+50937210694

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Me. Wilner Boyer, av. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Me. Wilner Boyer, av.:

Partager